Matematik pou Fizik

Matematik se yon systèm konesans abstrè, ki baze sou lojik, ki etidye chif, kantite ak objè abstrè. Sa se youn nan definisyon yo, syantifik pa ko mete dakò sou yon bon definisyon.

Men pou paj sa, sa ki enpotan pou nou, sè ke matematik, nan listwa te itilize lojik pour rezoud problèm ki konkrè:

  • Konbyen mouton, kabrit, bèf kochon ki genyen nan pak mwen ? Ki jan pou nou konte ? Sa poze baz aritmetik, syans ki etidye chif.
  • Ki grosè teren sa ye, ki fòm li genyen? Ki longè kloti mwen bezwen, kijan pou mwen separe teren mwen bay pitit mwen ? Nou ka di sa vinn bay jeyometri.
  • Kijan pou mwen mezire ang ? Kijan, lè mwen wè jan soley, la lin, ak zetwal yo, ap bouje nan syèl la, pou mwen konnen, ki lè, ki jou, ki mwa, ki ane mwen ye ? Kijan mwen ka konnen ki kote mwen ye sou yon bato. Kijan zetwal yo vire ? Se astronomi ak jeyometri ki bay trigonometri.

Nou ka wè gen yon pakèt pati nan matematik ki sòti nan etidye bagay ki konkrè, sitou nan domèn fizik. Ki donk matematik tounen yon outil endispansab pou fizisyen yo, menjan yon mason pa ka travay san nivo.

Se pou rezon sa nou pran tan isi a pou pale de kek nosyon matematik ki enpòtan anpil pou travay nan fizik ak nan lòt syans.

Nou pral konsantre sou kek nosyon aljèb ak jeyometri:

Nan aljèb nou pral pale de eskalè, de vektè ak kek operasyon matematik nou ka itilize pou manipile konsèp sa yo.

Nan jeyometri, nou pral montre kijan vektè ak lot objè matematik tankou rotasyon ki ka ede nou reprezante lespas ke nou itilize nan fizik.

Men tout konsèp nap diskite isi a, gen plas yo nan aljèb, nap plis konsantre sou entèpretasyon jeyometrik ou ka fè.