Mezi ak inite

Nan aktivite n ap mennen chak jou nou bezwen mezire. Jan nou konnen sa deja, jewometri pran nesans nan peyi Lejip akoz lè larivyè Nil la pase li te konn rache tout bòn tè yo. Pou chak moun te ka jwenn menm kantite tè li te genyen anvan inodasyo an, yo te mezire tout tè yo.

Pou kantifye mezi sa yo lasyans itilize sa ki rele sistèm metrik la. Nan sistèm sa a kantite fondamantal yo se longè, mas, tan, kouran, tanperati Kèlvin, kantite matyè ak entansite limyè ki mezire an mèt (m), kilogram(kg), segonn (s), anpè (A), kèlvin (K), mòl (mol) ak kandela (cd), nan menm lòd la. Gen de lòt inite yo itilize tou pou mezire ang : radyan(rad) pou mezire ang òdinè yo ak esteradyan (sr) pou mezire ang solid.

Gen lòt kantite yo rele kantite derive ki soti anndan kantite fondamantal yo. Distenksyon ki genyen ant kantite fondamantal yo ak kantite derive yo se yon bagay abitrè: nan sistèm anglosakson an yo pran fòs kòm yon kantite fondamantal epi yo pran mas kòm yon kantite derive.

Sistèm entènasyonal – Inite SI

Kounye a se Sistèm entènasyonal inite yo ki se nòm yo itilize toupatou nan mond la. Se yon vèsyon pi modèn sistèm metrik la. Nan sistèm sa a yo itilize definisyon ki syantifikman pi jis pou kantite fondamantal yo.

Men kijan yo te defini kantite fondamantal yo anvan novanm 2018 pou anpè (A), kèlvin (K) ak mòl (mol) epi 20 me 2019 la pou kilogram(kg) .

Longè 

Longè mezire an mèt (m).Nan yon premye tan yo te defini mèt la kòm di milyonyèm pati nan distans ant ekwatè a ak pòl nò tè a. Nan lane 1889 yo te fè yon mèt estanda pou ranplase premye a ki te baze sou mezi tè a. Nan lane 1960 yo vin adopte youn ki baze sou longèdond limyè a pou ranplase dezyèm nan. Yo te panse yon mezi ki fèt selon pwosedi ki tabli nan yon laboratwa gen avantaj syantifik tout kote ka repwodui l lè yo bezwen l. Men, nan ane 1970 yo, vitès limyè a vin yon bagay moun ka mezire ak plis presizyon. Sa vin fè nan lane 1983 yo vin adopte definisyon sa a pou mèt la:

Mèt la se longè chemen limyè a travèse nan levid pandan yon entèval tan ki se \frac{1}{299 792 458} segonn.

Tan

Tan an mezire an segonn (s). Yo abitye defini segonn nan apati wotasyon tè a, men yo vin remake wotasyon sa a pa rete menm bagay tout tan. Se konsa, nan lane 1967 yo defini l konsa:

Segonn se kantite tan ki koule pandan 9 192 631 770 peryòd radyasyon ki koresponn ak tranzisyon ant de nivo ipèfen atòm yo rele Sezyòm 133 a.

Bagay sa yo se gwo koze nou poko ka fin eksplike la a. Men pou ka gen yon ide sou sa ki yon peryòd, al gade gwo revèy ki gen balansye lakay granpapa w la: lè w wè li agoch epi li ale a adwat ansuit li retounen agoch ankò sa fè yon peryòd.

Mas

Mas se youn nan bagay ki pi mal pou defini. Olye yo defini l selon prensip definisyon operasyonèl yo, inite mas la defini apati yo pwototip yo rele li pwototip entènasyonal kilogram (ki gen ti non li « gran K »), yo konsève li nan Biwo Entènasyonal Pwa ak Mezi yo nan lavil Sèv (Sèvres) nan peyi Lafrans. Pwototip sa a fèt ak yon alyaj platin-iridyòm espesyal, yon alyaj ki tèlman di li pa ka sibi kowozyon. Pakont, li ka chanje.

Mòl

Tout matye òdine fèt ak atòm, chak atòm genyen ladan l elektwon, pwoton ak netwon. Pwoton ak netwon fòme sa ki rele nwayo a.

Yon mòl nan tout eleman senp genyen ladan l yon nonb Avogadwo atòm eleman an. Yo defini nonb sa a yon fason pou yon mòl Kabòn 12 ka gen ladan l yon mas ki egal ak 12 gram. Se sa ki vin fè nou jwenn yon valè ki egal ak 6.022\times 10^{23} atòm/mòl pou nonb Avogadro a.

Men kijan yo defini kantite fondamantal yo kounye a:

Depi kèk tan syantifik yo rann yo kont gen kèk ti varyasyon ant pwa gran K a ak 6 lòt kopi yo te fè. Poutèt sa, gran K a vin pa fè otorite ankò. Lendi ki te 20 me 2019 la, syantifik yo adopte yon lòt definisyon ki chita sou kontant Plank la (h) nou jwenn nan Fizik Kwantik. Nan novanm 2018 ki sot pase a, yo kite definisyon kèlvin (K) ki te baze sou dlo a, yo defini l apati konstant Boltzmann nan (k) ki makònnen ak mezi ajitasyon tèmik patikil fondamantal ki konpoze matyè a. Anpè (A) a menm yo defini l kounye a apati chaj elemantè a (e) ki se chaj yon elektwon. Mòl la li menm, ki se kantite matyè, nou jwenn plis nan chimi defini kounye a apati konstant Avogadro a (\mathcal{N}_A).